Gro dat nan lavi
Evèk Jak Teyodò OLI

  • 3 oktòb 1829: Jak Teyodò Oli fèt lavil Jòjtaounn, toupre
    Wachinntonn, kapital peyi Etazini. Fanmi li te maché legliz katolik romèn, kifè se nan legliz sa a li te batize, li te konfime. Li te aprann metye kòdonye ak papa l. Li te profesè lekòl, jounalis, franmason. L li te interese anpil nan batay nèg Lafrik ki te esklav ak afranchi yo tap minnin nan peyi Etazini pou yo rive viv tankou tout moun nan sosyete a.
  • 1852. Oli kite legliz romèn, li fè l manm legliz episkopal lavil Detròy, Michigann.
  • 17 jin 1855 - Li òdone dyak nan dyosèz episkopal Michigann lan.
  • 11 jiye 1855: Oli pran pasaj nan you bato pou Ayiti, kote li rive 31 jiyè 1955. Li pase de moua ap vizite peyi a, li tap preche nan divès legliz metodis ak legliz batis.
  • 2 janvye 1856: Li òdone prêt nan dyosèz Konetikèt. Li reskonsab parouas noua Sin Lik nan lavil Nyou Evinn.
  • 2 me 1861: Li pati pou Ayiti avèk sanvin episkopalyen konsa.
  • 5 me 1861, Li debake nan peyi Ayiti avèk madanm li ak sis pitit. Li tabli sou bitasyon Drouya Laplinn kouadèboukè, kote prezidan Jefra te ba li you kay pa li pou li fè ladesant ak moun li yo. Premye sèvis li te fè nan peyi a se batèm you timoun ki te fèt sou bato-a pandan vouayaj la. Se Prezidan Jefra ak Madanm li ki te parinn ak marinn pitit la.
  • 13 jin 1861 li prete sèman nan tribinal tankou sitoyen ayisyin. Epi 12 daout, prezidan Jefra ak minis Legro signin papye leta ki rekonèt li tankou sitouayen.
    Anvan finisman lanne a, move maladi tifoyid ak malarya touye 43 moun nan koloni an. Nan yo te gin madan Oli ak 4 nan pitit li yo ki mouri. Oli te chape anba maladi a ansanm ak de nan timoun li yo : Fostin Teyodo ak Ogistin. Anpil nan lòt moun yo tounin Etazini.
  • 1 rive 17 oktòb 1862 : 27èm Konvansyon Jeneral : Oli al plede koz legliz Ayiti a.
  • 4 janvier 1863 : premie sèvis lavil Pòtoprins nan you gro ral ki te pou you gro komèsan noua etazinyen Jonn Epbènn ki te tabli sou plas Jefra a.
  • 16 fevrye 1863 : Dezyèm maryaj li, foua sa a ak Sara Annle, ki ba li ouit[8] lòt pitit: sèt [7] gason ak you sèl fi.
  • 25 me 1863, Fèt Lapannkòt, parouas Sint Trinite jouinn rekonesans ak otorizasyon nan men Evèk Prezidan an.
  • Novanm 1863 : premye vizit episkopal avè Evèk Li [Lee], dyosèz Delawè, delege Evèk Prezidan an.
  • 1864-1874: Oli konsil peyi Liberya an Ayiti.
  • 1864: Oli ap plede pou you legliz nasyonal indepandan an Ayiti.
  • 19 mas 1866: 2é vizit episkopal avèk Evèk Jòj Bègès nan dyosèz Menn.
  • 23 avril 1866: Evèk Bègès mouri antan li tapral pran bato nan pò Mirouagan pou tounin nan peyi l.
  • 1886: Premye konvokasyon legliz la nan peyi Ayiti. Men misyon ki te nan konvokasion sa a : Sint Trinite nan Potoprins, Bon Bêje nan Kabare-kat nan mòn Leyogan, Sintespri nan Okap, ak Sin Sovè Okay.
  • 8 jin 1866: 3e konvokasyon legliz episkopal : lè sa a te gen you legliz nan katye Bèlè, Pòtoprins.
  • 7 jin 1867: premye regleman kanonik pou legliz an Ayiti.
  • 11 novanm 1867: Misyon Ansavo louvri avèk Jan Elize Salomon.
  • 18-19 desanm ; legliz Sint Trinite boule you foua ankò.
  • 7 jin 1871: Konvokasyon legliz Ayiti a voye mande Chanm Evèk nan Konvansyon Jeneral la pou you evèk pa l ki pou chita nan peyi a.
  • 4 oktob 1871 Oly an vizit Ozetazini, ansanm ak Madanm li.
  • 12 oktob 1871: Konvansyion Jeneral voye Evèk Ati Kòs Dyosèz Nouyòk Oksidantal pou ouè kondisyon travay legliz la an Ayiti.
  • 22 novanm 1872 - 8 janvye 1873: vizit Evèk Kòks.
  • 1873: légliz Sint Trinite boule you touazièm foua.
  • 7 novanm 1873: parouas Sin Lik lavil Jeremi tabli.
  • 10 mas 1874: parouas Reziréksion lavil Gromòn tabli.
  • 12 jiye 1874: Konvokasion legliz la chouazi Oli pou evèk - Ouit parouas te vote : Sint Trinite / Pòtoprins - Redanmtè / Ansavo - Sin Pòl / Tòbèk - Bon Nouvèl / Kabarè Kat - Rezirèksyon / Gromòn - Sint Andre ak Sin Lik / lavil Jeremi.
  • 17 daout 1974: misyon " Saint Consolateur " Bèlè, Potoprens.
    Sektanmn 1874 : li resevoua diplòm Honoris Causa Dòktè nan Teoloji, Inivèsite Howard, Wachinntonn D.C.
  • Oktob 1874: Oli nan Konvansyion Jeneral, Chanm Evèk yo konsanti pou yo òdone Oli evèk pou peyi Ayiti alatèt you legliz nasyonal ki rele: Legliz Otodòks Apostolik peyi Ayiti.
  • 3 novanm 1874 : Kontra pase ant Legliz Apostolik Otodòks Ayiti ak Chanm Evèk Legliz Episkopal Etazini yo.
  • 8 novanm 1874: Oli konsakre evèk lavil Nouyòk. Lè sa a te gen dis prêt, kat dyak, mil batize, 250 manm kominyan, ak 18 misyon nan Legliz Otodòks Apostolik.
  • 1874: Gouvenman peyi Liberya ba li dekorasyion Grad Chevalye nan Lòd Liberya pou Redanmsyion Grantè Lafrik pou dizan li pase ap sèvi tankou Konsil Liberia nan peyi Ayiti.
  • 1876 : Seminè a louvri Pòtoprens
  • 1878: Dezyèm Konferans Evèk anglikan yo Lanmbèt nan peyi Langletè. Yo resevoua Legliz Otodòks Ayiti tankou you legliz nasyonal sou minm pye ak tout lot legliz anglikan yo. 25 jiye 1878, fèt Sin Jak, Evèk Oli preche nan Legliz Ouèsminstè Abe lavil Lonn.
  • 13 janvye 1882 : Oli resevoua diplòm Honoris Causa Dòktè an Doua [LlD] nan Kolèj Liberya.
  • 1884 : Fèmekòl Dikini an louvri
  • 2 avril 1895 : mision Mibalé louvri
  • 1896 : Oli louvri you misyon nan Repiblik Dominikani.
  • 1898 : misyion Petyonvil louvri, misyion Jeremi yo fèmin
  • 1905 : you dezyèm seminè louvri Okay.
  • 5 jiye 1908 : Leglis Sint Trinite nan ri Dekazèn boule you lòt foua ankò.
  • 13 mas 1911, Oli mouri, li te gen 82 lanné sou tèt li, apre 50 an ap sèvi legliz nan peyi ayiti, trèzan tankou pè, trannsétan tankou evèk,
  • 15 mas 1911: Lantèman l chante ri Petyon, li antere nan anplasman legliz Sint Trinite ri Dèkazèn.
  • 1936 : vinnsink lanne apre Oli mouri, gouvènman peyi Ayiti ba li dekorasyion Grad 'Komandè nan Lòd Nasyonal 'Onè ak Merit'.